Jounen jodia se plis ke yon tèt chaje li ye pou yon moun ki vle vini jwenn senyè a, paske chak legliz ki genyen deyò a fè konnen ke se yo ki se vrè legliz Bondye a. Lè nou panse ak sitiyasyon sa, nou rive konprann ke yon moun paka ale nan nenpòt Legliz epi pou’w di ke:ou se piti Bondye,wap sevi Bondye, wap sove kanmenm. Akòz de problèm sa nou vinn oblije aplike prensip ke apot Jean te banou nan 1 Jean 4v 1 “Bien-aimés, n’ajoutez pas foi à tout esprit; mais éprouvez les esprits, pour savoir s’ils sont de Dieu, car plusieurs faux prophètes sont venus dans le monde.” Yes, se sèl mwayen sa ke nou genyen pou nou ka pa gaspiye tan nou, paske dapre Matthieu 7v 21 se selman moun ki fe volonte Bondye kap rive rantre nan wayòm nan.Puiske sitiyasyon sa konsène nou menm kretyen, Nou dwe fe yon efò pou nou rive jwen vrè leglise kris la.
Kestyon ke nap poze’w se : KÒMAN NAP KA FÈ RIVE REKONÈT LÈYON LEGLISE SE VRÈ LEGLIZ KRIS LA?
Kestyon ke nap poze’w se : KÒMAN NAP KA FÈ RIVE REKONÈT LÈYON LEGLISE SE VRÈ LEGLIZ KRIS LA?