- Kéksyon ké nap pozé Kounyéa sé: kòman yon krétyen nan tan sa ta dwé yé pou li ta sur ké lap jwenn rékompans li nan men sényè Jézi?
Tout koté ki gen lékòl travay, lopital, biro léta, ak nenpòt lòt enstitisyon nou toujou jwenn yon moun kap dirigé. Yon moun kap di kijan pou bagay yo fèt. Yon moun ki pou di kijan moun kap vinn travay nan antrépriz la dwé yé. Lè yon moun pwal lékòl, wap bézwen fè yon préparasyon pou sa; paské pou yo aksépté’w lékòl la, gen yon jan pou’w yé. Oui, paské ou paka alé lekòl la le ou vlé, jan ou vlé, épi kite lekòl la le lidé’w diw; tout sa sé paské lékòl la gen yon séri de prensip ki pou fè bagay yo alé byen, sélon jan moun ki mèt lekòl la vlé sa. Sé menm jan tou pou yon moun gen pa nan wayòm Bondyé kap vini an, sa mandé pou’w réspékté yon séri dé prensip ké Bondyé té déja mété an plas pa Jézi kris pitit li. Sé sak fè nou té wè Jézi ki tap palé konsa pou’l di “Je suis le chémin, la vérité, et la vie. Nul ne vient au Père que par moi.” Daprè déklarasyon ké Jézi fè a, sa montré nou gen yon wout pou nou pasé, gen yon fason pou nou yé pouké Jézi ka jijé nou “Digne” pou nou rantré an wayòm nan. 2Thessaloniciens 1:5 "C'est une preuve du juste jugement de Dieu, pour que vous soyez jugés dignes du royaume de Dieu…”
5 Comments
fr stanley
12/18/2014 09:56:07 pm
yon kretyen t dwe viv yon vi ki agreyab nan zye Bondye,yon vi ki sanktifye pou li jwen rekonpans nan men Leternel
Reply
Sé planté'm planté
12/19/2014 12:23:19 am
@ fr stanley sa ke mwen reyalize ki bay problem defwa seke, si Jezi pat bay entelijans a dèzom pou yo te ka dispanse pawol la, ebyen anpil kretyen tap gen gro problem pou komprann li. Mwen di sa paske pou yon moun komprann sa sa vle di viv "yon jan ki agreyab ak Bondye" fok deja li te jwen yon explikasyon sou kijan yon vi ka agreyab ak Bondye.Oui, se verite , pou yon moun jwenn rekompans li fok li te viv yon vi ki agreyab ak Bondye, men sa sa vle di menm " viv yon vi ki agreyab" ak " viv yon vi ki sanktifye"
Reply
fr stanley
12/19/2014 02:54:14 pm
viv yon viv ki agreable nan zye Bondye se yon moun ki pase tout tan li nan ekzese la fwa nan Bondye , se yon vi ke w viv la fwa pandan nap obeyi pawol Senyer an
Sé planté'm planté
1/18/2015 03:38:06 am
Mwen anvi komprann ke sa ki ka asire rantre yon moun nan wayom nan, se le ou fe sa ke Bondyé preskri pou nou fe. Paske mwen reyalize ke Bondye te mete dufe nan sakrifis Abel la pa paske se yon ti mouton selman ke li te touye men se paske tout sa krifis li ya te fet selon jan Bondye te vle a. Jezi te pote la viktwa sou la vi sou satan et menm lanmo,se paske li te fe sak se la volonte de Dieu. Si menm Jezi te bezwen fe la volonte de Dieu pou li te resisite et nou menm? Matthieu 7:21 "Ceux qui me disent: Seigneur, Seigneur! n'entreront pas tous dans le royaume des cieux, mais celui-là seul qui fait la volonté de mon Père qui est dans les cieux." fe sa ki se volonte Bondye se yon bagay ki endispansab pou tout moun sa yo ki dwé sové
Reply
LaServante du Seigneur
1/19/2015 02:05:45 am
@ Plante m Plante
Reply
Leave a Reply. |
Eské'w té konnen
• Nou gen anpil efò pou nou fè pouké nou kapab rivé sové.Oui sé pa gras ké'n sové men fòk Bondyé jijé nou digne 2Thessaloniciens 1:5 "C'est une preuve du juste jugement de Dieu, pour que vous soyez jugés dignes du royaume de Dieu, pour lequel vous souffrez." * Pou'w ka li komantè ki anba chak Post, klike sou "tit" post la épi wap ka wè komantè yo ak ekri komantè pa'w tou.
*Pou'w ka konnen lè gen yon nouvo komantè, Mété E-mail ou épi tyéké ti bwat ki anba Komantè'w la avan ou kliké sou "submit". Achiv
October 2015
katégori |