** Si sé lèw ou konnen ak fè volonté Bondyé ké wap kapab rive rantré nan wayòm nan, gro késtyon nap pozé sé : kouman yon moun ap kapab fè konnen épi fè volonté Bondyé nan tan sa nap viv la?
Volonté Bondyé se tout sa ké Bondyé vlé. Lè yon moun fè volonté Bondyé sé fè li fè sa ki bon, sa ki dwat, sa ki jis ak sa ki agréyab. Puiské volonté Bondyé sé “le bien” épi li sé “la vérité”, sa fè nou konprann ké lè yon moun pa fè volonté Bondyé sé yon bagay ki grav ké li yé.Tout sa ki pa sélon volonté Bondyé sé péché. La nou konprann ké fè volonté Bondyé gen yon gro inpòtans nan lavi tout moun kap sèvi Bondyé. Ansyen yo té obéyi ak fè volonté Bondyé malgré yo té pasé nan anpil sitiyasyon difisil ak tribilasyon. Anpil krétyen déja mouri paské yo pat vlé fè ak dakò ak sa Bondyé pa vlé; Menm Jézi té gen pou li obéyi ak fè volonté Bondyé pandan li té nan gro soufrans. Nan Mathieu 7:21 nou wé ké sé sèlman moun ki fè volonté Bondyé kap ka rantré nan wayòm Bondyé a. “Ceux qui me disent: Seigneur, Seigneur! n'entreront pas tous dans le royaume des cieux, mais celui-là seul qui fait la volonté de mon Père qui est dans les cieux.”
** Si sé lèw ou konnen ak fè volonté Bondyé ké wap kapab rive rantré nan wayòm nan, gro késtyon nap pozé sé : kouman yon moun ap kapab fè konnen épi fè volonté Bondyé nan tan sa nap viv la?
3 Comments
Sé planté'm planté
11/29/2014 12:31:03 pm
a trave sa mwen li la yo , ta sanble ke volonte Bondye se pa yon bagay ki revele ak tout moun. Men se yon revelasyon pouw jwen oubyen jwen ak yon moun ki te jwen revelasyon sou volonte Bondye ki pou anseye ou yo. Si se pat Bondye ki te pale ak Moise koman li tap fe janm konnen gen yon 10 komandman pou li obseve ? map kontinye reflechi toujou pou mwen ka komprann pi byen.
Reply
gedeon
12/1/2014 12:16:41 am
salut tout moun ki gen chans pou yo patisipe sou sit sa,pou yo augmante konesans yo,paske se sa bondye ap fè nan syék sa bay konesans li,se pi gro richès bondye te ka banou,lè nou gen konesans parole li nap gen plis chans poun agréable a bondye,lem finn agréable a bondye nap ka ret zanmi bondye,lè sa nap toujou confortable devan li,se plis ke avan pou nou bâti yon relasyon ak bondye nan syèk sa nap viv la,paske se moun ki agréable avel ki ap jwenn chans pou mâche dwat nan syèk sa,se pou nou tout fé yon feso ansanm,pou nou youn ede lot,poun ka rive nan nivo bondye,ap tann nou an,et fok nou youn foubi lot,pou nou aksepte ak koreksyon,apre nap kapab obéir ak parole la.
Reply
12/2/2014 09:16:03 am
@ Gedeon
Reply
Leave a Reply. |
Eské'w té konnen
• Nou gen anpil efò pou nou fè pouké nou kapab rivé sové.Oui sé pa gras ké'n sové men fòk Bondyé jijé nou digne 2Thessaloniciens 1:5 "C'est une preuve du juste jugement de Dieu, pour que vous soyez jugés dignes du royaume de Dieu, pour lequel vous souffrez." * Pou'w ka li komantè ki anba chak Post, klike sou "tit" post la épi wap ka wè komantè yo ak ekri komantè pa'w tou.
*Pou'w ka konnen lè gen yon nouvo komantè, Mété E-mail ou épi tyéké ti bwat ki anba Komantè'w la avan ou kliké sou "submit". Achiv
October 2015
katégori |